AYITI/TRANBLEMAN TÈ: YON ANSYEN SENATÈ SID RESEVWA ANPIL KRITIK POU FASON LI CHWAZI EDE VIKTIM YO.

Tranbleman tè manyitid 7.2 ki devaste Grand Sid peyi a lakoz anpil mouvman solidatite ap fèt, depi lè a, pou pote sipò bay viktim yo. Nan sans sa, ansyen senatè Sid, Francky Exius chwazi bay viktim yo bourad nan fason pa li, men ki deranje yon pakèt moun parapò ak jan li chwazi bay èd li yo.

Nan yon foto ki ap sikile sou rezo sosyal yo, tout moun ka wè sou chak manje anbwate ansyen senatè a bay viktim yo, li ekri  » courtoisie sénateur Francky Exius ». Sa ki fè anpil moun tire pye; fache ; fè gwo kòlè sou tout rezo sosyal yo.

Pami moun sa yo, genyen ki fè konprann ansyen senatè a pa te bezwen fè sa, sitou se yon plat manje e popilasyon Sid la nan gwo difikilte apre pasaj tranbleman tè a.

Gen moun ki kwè se pa ede Francky Exius te vin ede moun nan Sid vrèman, men kòm eleksyon pa lwen rive, li te vin chache yon vizibilte. Yon atitid, daprè anpil moun, ki pa diy pou yon ansyen senatè larepiblik.

Pwofite chache vizibilte pandan wap ede a, se tire pwofi de malè moun yo. Konpòtman sa pa gen okenn mounite ladann.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …