AYITI/TRANBLEMAN TÈ: LAPOLIS METE YON NIMEWO DISPONIB POU TOUT MOUN KI VLE POTE ÈD NAN GRAN SID LA.

Nan kad yon pwen pou laprès jounen mèkredi 19 dawout 2021 an, pòt pawòl pou ti bout tan polis la enspektris divizyonè Marie Michèle Verrier, fè konnen Lapolis ap pran tout dispozisyon pou pèmèt èd yo kapab rive nan Gran Sid la.

Esnpektris Marie Michèle Verrier, fè konnen Lapolis nasyonal la mete disponib yon nimewo telefòn ki se (+509) 4896 09 37, pou kapab akonpanye tout konvwa imanitè ki deside ale sipòte moun yo nan Gran Sid la. Madanm Verrier, raple ak tout konvwa ki vle pote solidarite nan depatman Nip, Sid ak Grandans Lapolis ap pran tout dispozisyon pou akonpanye yo.

Pou fini, enspektris Marie Michèle Verrier, ki lanse yon pinga kont tout zèfèyis ki vle menase moun ki ap pote èd nan Gran Sid la.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …