AYITI/ IMANITÈ: SENATÈ GARCIA DELVA, ÒGANIZASYON FEMHO POTE ÈD YO BAY MOUN NAN NIP.

Nan tèt yon delegasyon senatè depatman Latibonit lan, Garcia Delva, kodonatris Fanm Onorab ki gen sig nan lang fransè (FEMHO), Fabiola Dorlen, maladyè gwoup « Mass Compas » Wadner Joseph, ak lòt moun toujou remèt aprè midi samdi 21 dawout 2021 ak direksyon depatmantal pwoteksyon sivil Nip èd imanitè yo pote bay pou moun nan depatman Nip ki te viktim anba tranbleman tè 14 dawout 2021 an.

Senatè Garcia Delva, fè konnen se solidarite moun nan depatman Latibonit pote bay moun nan depatman Nip ki te Viktim nan tranbleman tè 14 dawout 2021 an. Pilwen, Palmantè a fè konnen èd sa yo gen ladanl, materyèl medikal, jeneratris, tòl ak bon gaz pou Lapolis ak direksyon depatmantal sante piblik Nip.

Kòdonatè teknik depatmantal pwoteksyon sivil Nip la, Fidel Nicolas, remèsye moun nan depatman Latibonit ak senatè Garcia Delva ki panse ak popilasyon Nip ki viktim nan tranbleman tè a. Pandan, li pwomèt pou fè bon jesyon èd sa yo.

Nou ap siyale, depatman Nip gen 8 komin ki viktim nan tranbleman tè a kise: Komin Lazil, Tirivyè Nip, Ansavo, Plezans, Baradè, Ano, Fondenèg ak Komin Titwou Nip.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …