AYITI/MOVETAN: YON MOUN MOURI NAN DEPATMAN NIP.

Ond twopikal ki pase sou Gran Sid la 19 pou ri 20 dawout 2021 an, lakoz yon moun mouri nan twazyèm seksyon Soldibaril Komin Ansavo.

Selon enfòmasyon nou jwenn bò kote fanmi viktim lan, ki fè konnen se larivyè fwad ki desann aprè lapli vandredi 20 dawout la epi pote ale « Ti Leconte » ki tap travèse rivyè a pandanl tap desann dlo bwotel epi al retwouve kadav li bò lanmè lokalite Kawouk, ki toujou nan twazyèm seksyon Soldibaril.

Nou ap fè remake, Larivyè fwad gen pou pi piti 2 lane depi gen yon pwojè kanalizasyon ak konstriksyon yon pon ki pajanm egzekite, daprè enfòmasyon youn nan manm konsèy administrasyon seksyon kominal Soldibaril la, Yvio Guerrier Kominike nou.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …