LEMONN/STA: ANGELINA JOLIE BAT YON REKÒ APRE « 3H DE TEMPS » LI FIN KREYE KONT INSTAGRAM LI

_Esta oliwoudyèn nan, Angelina Jolie, bat yon rekò apenn li fin kreye kont Instagram li. Nan sans sa, li detwone chantè NTC’s Taeil Moon epi enpoze li sou Rupert Grint, Sir David Attenborough ak Jennifer Aniston_

Rive Angelina Jolie sou Instagram pèmèt aktris la dekwoche yon nouvo tit : kont ki rive fè pi rapid plizyè milyon abone sou tout rezo sosyal yo. Selon sit NME, aktris ameriken an reyalize gwo eksplwa sa 2.0 pandan sèlman 1è, e nan espas 3è, li genyen 2.1 milyon moun ki ap suiv li. Pou kounya, Angelina Jolie gen plis pase 7 milyon moun ki ap suiv li sou Instagram.

Sipèsta oliwoudyèn nan detwone nan sans sa yon pakèt moun tankou : chantè NTC’s Taeil Moon ki te fè yon milyon abonè pandan 1è 45 minit nan mwa jiyè ki sot pase a; Ruper Grint; Harry Potter, Ser David Attenborough ak Jennifer Aniston.

Nan lis selibrite ki te gen rekò a nan tan ki sot pase yo, gen Meghan Markle ak Prince Harry ( pandan 6è an avril 2019), gen Pape François (pandan 12è an mas 2016), te gen tou David Beckham ( pandan 24è an me 2015).

ANGELINA JOLIE NAN PO YON ATIS ANGAJE

Angelina Jolie atis angaje e gran aktivis sèvi ak popilarite li a , yon lòt fwa ankò, pou defann koz sila ki pi fèb yo. Li kreye kont Instagram nan vandredi nan sousi pou atire atansyon lopinyon piblik sou sityasyon kritik k ap pase nan peyi AFGHANISTAN an, kote Taliban yo retounen pran pouvwa sa gen plis pase yon semèn. Nan premye mesaj li poste, aktris 46 lane a atire atansyon gran piblik la sou yon lèt ki ekri alamen yon jenn tifi Afghan ekri kote l ap rakonte laperèz li genyen ak lide pou l pa ta al lekòl ankò.

« Menm jan ak lòt moun ki angaje yo, m pa vire do bay yo. M ap kontinye chache fason pou m ede. E m espere n ap jwenn ak mwen », ekri Angelina Jolie bò kote foto a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …