ITALI/ FOUTBÒL : YON KLÈB FOUTBÒL DISPARÈT KONPLÈTMAN NAN CHANPYONA ITALYEN AN.

_Chievo Vérone, yon klèb italyen avèk yon bèl istwa nan Calcio a pa jwenn moun achte li sa ki lakoz li disparèt nan chanpyona e menm nan seri D li pa ka enskri. Yon nouvèl tris pou foutbòl italyen an._

Majistra nan vil Vérone, Federico Sboarina, te mande potansyèl achtè yo pou yo te fè òf yo pou pita samdi 21 dawout 2021 a midi, men malerezman pèson pa t moutre enterè pou sa.

Federasyon italyen foutbòl la, li menm, bò kote pa li bay jiska madi 23 dawout 2021 an pou klèb la enskri nan seri D pou li ka pa disparèt. Sepandan, san okenn òf pou achte klèb la, chievo Vérone pap ka enskri.

Daprè medya italyen yo, rete chans toujou pou chievo Vérone pa disparèt nèt, men chans lan piti anpil. Nou ap raple, klèb la te nan seri A, premye divizyon chanpyona italyen an nan lane 2019.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …