AYITI/ED: PATI PLANSPA POTE SIPÒ LI BAY MOUN NAN KOMIN MARIGO.

Jan sa te anonse, pati PLANSPA ki gen nan tèt li pwofesè Dieudonné Lherisson  pote sipò li nan depatman Sidès, patiklyèman nan komin Marigo ki te inonde apre pasaj tanpèt twopikal Gras la.

« Nan objektif pou fè solidarite ak viktim tanpèt twopikal GRAS nan komin Marigo, depatman Sidès, yon delegasyon pati PLANSPA ki gen nan tèt li lidè nasyonal li a Dieudonné Lherisson ki se tou pitit komin nan bay otorite minisipal yo yon don ki gen ladann pwodui alimantè, notamman diri, espageti, luil, somon ak yon chèk 50 mil goud », ekri nan yon kominike responsab kominikasyon pati PLANSPA mete deyò.

Nan sousi pou fasilite debleman wout piblik yo ki relye komin Jakmèl, Kay Jakmèl ak Marigo, pati PLANSPA mete aladispozisyon responsab MTPTC yo nan Sidès 500 galon kabiran.

Daprè kominike a, aksyon sa yo posib nan pati PLANSPA gras ak fon moun ki nan dyaspora a, patizan ak senpatizan pati a bay pati PlANSPA nan objektif pou kontinye lonje lamen bay popilasyon an.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …