AYITI/ TRANBLEMAN TÈ: POU PI PITI 20 MOUN, PAMI YO 4 TIMOUN SÒTI VIVAN ANBA DEKONB NAN DEPATMAN SID.

24 moun ki te anba dekonb sòti vivan dimanch 22 dawout 2021 an, aprè yon semèn yo pase anba dekonb nan depatman Sid peyi a, selon enfòmasyon otorite yo mete disponib.

Nan kad yon Twit sou kont ofisyèl direksyon jeneral pwoteksyon sivil konfime dimanch 22 dawout 2021 an, gen 24 moun ki sòti tou vivan aprè plis pase yon semèn yo pase anba dekonb nan zòn mòn Pik Makaya, ki nan depatman Sid peyi a. Responsab yo nan pwoteksyon sivil, ki presize nan moun vivan yo gen 20 gran moun ak 4 timoun e moun viktim sa yo resevwa èd lamanjay ak lòt akonpayman nan sante.

Nou ap fè remake, selon pwoteksyon sivil kantite moun ki viktim anba dekonb yo poko ka fin evalye, men yo deja resanse 2207 moun mouri ak plizyè milye lòt ki blese.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …