AYITI/JISTIS: YON LÒT JIJ DEZINYE POU ANKETE SOU ASASINAY ANSYEN PREZIDAN JOVENEL MOÏSE LA.

Aprè jij enstriktè Mathieu Chanlatte, te depòte pou rezon pèsonèl li nan dosye ankèt sou asasina ansyen prezidan repiblik Jovenel Moïse ki te asasinen lakay li nan Pèleren 5, nan lannwit 6 pou louvri 7 jiyè 2021 an.

Dwayen tribinal sivil premye enstans Pòtoprens lan, mèt Bernard Saint- Vil, dezinye jounen lendi 23 dawout 2021 jij enstriktè Gary Orelien, ki pral ankete sou asasina ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse.

Nou ap siyale, nan dosye asasinay ansyen prezidan repiblik la Dwayen Bernard Saint-Vil, te dezinye jij Mathieu Chanlatte ki te fè sèlman yon semèn ak dosye a aprè sa te depoze dosye toudousman san bri san kont.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …