AYITI/ IMANITÈ: BATO KI TAP POTE ÈD POU MOUN GRAN SID LA DEBAKE NAN WAF MIRAGWÀN.

Bato Konpayi « Accordia Shipping », ki tap pote èd imanitè pou moun nan depatman Nip, Sid ak Grandans ki viktim nan tranbleman tè 14 dawout la, debake jounen lendi 23 dawout 2021 an nan waf Miragwàn nan.

Nan yon fèy deskripsyon « Cargo » ki rive nan sal redaksyon Echo Jounal, ki mansyone kantite èd imanitè dyaspora kolekte pou voye bay viktim tranbleman tè 14 dawout la bay yon total 119 palèt ki te gen ladan yo divès èd tankou: palèt ki gen materyèl medikal, diri, dlo, papye ijenik, pwodwi moun kapab lave, savon klowòks, jeneratris, plwaywoud, bwa depakat elatriye.

N ap siyale, batiman « Accordia Shipping », debake nan waf Miragwàn lan anba je otorite nan pwoteksyon sivil Nip yo. Kote yo te fè anbake èd sa yo nan machin pou ale nan sant operasyon ijans depatmantal Nip (COUD) epi re anbake yo pou pran wout depatman Sid, Grandans ak yo.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …