LEMONN/KOVID-19:  YON ANSYEN CHÈF LETA AFRIKEN FÈ VWÈL POU PEYI SAN CHAPO.

_Ansyen chèf Leta Tchadyen, Hissène Habré, rann dènye sou li jounen madi 24 dawout 2021 an pandan li te gen 79 lane sou tèt li. Li te etène lopital nan vil Daka, kote li tap pije pènn prizon li a pèpetuite aprè li te trape maladi kowona virus la._

« Mesye Hissène Habré mouri. Se yon nouvèl ki tris pou fanmi li ak anpil Tchadyen, e nou konpatise ak lanmò sa. Hissène Habré te dirije Tchad, menm si nou pa patizan fason li te dirije l la, men devan lanmò nou enkline nou », deklare minis kominikasyon e pòt pawòl gouvènman Tchad la, Abderaman Koulamallah, nan mikwo RFI.

HISSÈNE HABRÉ TE KONDANE POU PASE TOUT RÈS LAVI L NAN PRIZON

Tout lane li te pase ap dirije Tchad yo te karakterize ak vyolans. Aprè li fin pèdi pouvwa a, gen yon komisyon ankèt ki te fè konnen te gen nenpòt 40 000 moun ki te pèdi lavi yo sou administrasyon l lan. Nan mwa me 2016, chanm Afriken ekstrawòdinè nan vil Daka kondane Hissène Habré pou l pase tout rès lavi li nan prizon.

Yon lane apre, menm desizyon sa ta pral konfime paske Hissene Habré te deside ale an apèl. Li te gen yon pakèt akizasyon sou do li tankou : krim kont limanite, kadejak, egzekisyon, esklavaj ak anlèvman. Depi lè a li te nan prizon nan peyi Senegal kote li tap pije pènn li.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …