AYITI/EDH: SENDIKALIS JEAN EVENSON JEAN KRITIKE JESYON MICHEL PRÉSUMÉ NAN TÈT EDH LA.

Demisyone nan tèt enstitisyon Elektrisite Leta Ayiti depi anviwon yon semèn, Michel Présumé resvwa anpil kritik pou fason li te jere tèt enstitisyon an. Nan yon konferans pou laprès, Jean Evenson Jean sendika FESRED, fè konnen Michel Présumé te gen yon pakèt lajan Leta nan men l.

« Michel Présumé rantre nan bwat la, li pa respekte reglèman entèn konpayi a e jodi a pa gen okenn amelyorasyon », deklare mèt Evenson ki tap denonse jesyon ansyen direktè EDH la te fè nan tèt enstitisyon an.

Selon Jean Evenson Jean, Michel Présumé pa ka demisyone menm jan ak tout senp sitwayen. » Nou gen yon kourye ki pral jwenn mèt BOISGUENE nan lakou siperyè dèkont ak kontansye administratif pou li fè yon eta dèlye, epi yon odit sou jesyon Michel Présumé nan bwat la », esplike mèt Jean Evenson Jean.

« Gen yon pakèt dezòd ki fèt nan bwat la, Michel Présumé pa ka leve li demisyone konsa », pawòl mèt Evenson.  » Gen yon gwoup moun ki vle kraze tout enstitisyon repiblikèn yo », kontinye sendikalis la ki te pran egzanp Teleko kòm enstitisyon otorite nan peyi Dayiti kraze.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …