AYITI/TRANBLEMAN TÈ: « VIZIT MWEN NAN DEPATMAN NIP SE VIN GADE AK JE PAM DEGA KI FÈT YO » DEKLARASYON PREMYE MINIS ARIEL HENRY.

Premye minis ayisyen an doktè Ariel Henry, vizite jounen madi 24 dawout 2021 an komin Ansavo, Ano ak komin Lazil ki te frape nan katastwòf tranbleman tè 14 dawout 2021 an.

 » jodi a mwen te vin nan depatman Nip, pou mwen wè ak je m dega ki genyen, repons lan, e kijan moun yo ap òganize yo pou yo kontinye viv », deklarasyon premye minis Ariel Henry, ki di li konstate popilasyon an ki ap viv nan yon sitiyasyon difisil aprè tranbleman tè a kote yo mande abri pwovizwa ak tant pou kapab ede yo jwenn yon kote pou yo rete.

Chèf primati a, ki bat men sou lestomak li pou fè kwè distribisyon èd yo ap byen òganize nan gran Sid peyi a sitou nan depatman Nip. Premye minis Henry, pwofite mande ak popilasyon an pou kontinye pote solidarite ak moun ki nan sikonstans difisil aprè tranbleman tè a.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …