ETAZINI/DÈY: MOUN KI PI WO NAN PEYI A RANN DÈNYE SOUF LI PANDAN LI TE GEN 38 LANE SOU TÈT LI.

Igor Vovkovinsky, moun ki pi wo nan peyi Etazini, mouri pandan li te gen 38 lane sou tèt li. Mezire 2.35 mèt, gen yon timè ki te deklannche lakay li yon sekresyon eksesiv « hormones de croissance ».

Tay li se 2.35 mèt. Mesye Igor Vovkovinsky mouri vandredi ki sot pase a nan peyi Etazini de yon patoloji kadyak ak 38 lane sou tèt li, nan eta minesota, daprè enfòmasyon manman li mete deyò sou fesbouk.

Ameriken ki gen rasin Ikreyen, Igor Vovkovinsky te toujou gen pwoblèm sante depi lè li te toupiti. Se sa ki te lakoz paran li te al viv avèl Rochetè, yon vil senptantriyonal nan peyi Etazini ki pa pote non li pou bèl twal nan peyi Etazini.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …