ESPO/LIGUE 1: CHANPYONA FRANSÈ A DESANN AN SIZYÈM POZISYON SELON ENDIS UEFA YO.

Chanpyona peyi Lafrans « Ligue 1 » pa fè pati 5 gwo chanpyona majè ki gen nan monn lan ankò. Daprè endis UEFA yo, Ligue 1 ki te senkyèm pandan yon pakèt tan nan klasman an pèdi plas sa, li sizyèm kounya.

Chanpyona Pòtigal la pran senkyèm plas la nan men chanpyona fransè a. Sa ki vle di, Messi, Neymar ak M’ Bappé pa nan youn nan senk pi gwo chanpyona yo an Ewop.

Selon endis UEFA yo, chanpyona Anglè a an premye pozisyon, an dezyèm gen Espay, an twazyèm gen Itali, an katriyèm gen Almay epi chanpyona Pòtigal la vini an senkyèm.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …