AYITI/ENSEKIRITE : ANBASAD YON LÒT PEYI NAN LAKOU PEYI DAYITI AP RESEVWA GWO MENAS NAN MEN YOUN NAN CHÈF GANG VILAJ DE DYE .

Nan yon kominike Anbasad peyi Lafrans voye bay ministè afè etranjè peyi Ayiti, fè konnen yo ap resevwa gwo menas nan men chèf gang « Manno » ki se chèf an aprè chèf gang vilaj de Dye a.

Selon kòrespondans lan, Anbasad peyi Lafrans, fè konnen nimewo telefòn sa ki se « 4839 91 44 », rele yo pandan 2 fwa nan lè 3zè 50 « 3h 50 » epi idantifyel sou non « Manno » bra dwat « Izo » pou mande anbasad la lajan .

Anbasad peyi Lafrans lan nan kapital la, ki montre gwo kè kase yo genyen mande ak otorite nan lapolis pou pran gwo dispozisyon pou ranfòse sekirite anbasad la fas ak menas ki ap peze sou do Anbasad la.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …