AYITI/ SOSYETE : KONPAYI « DIGICEL » ANONSE YO PRAL ENVESTI YON MILYON DOLA POU KONSTWI LEKÒL NAN GRAN SID.

Nan yon nòt konpayi telefòn « Digicel » mete deyò mèkredi 25 dawout 2021 an, fè konnen yo pral envesti yon milyon dola ameriken pou ede rekonstwi lekòl ki kraze ak andomaje nan Depatman Nip, Sid ak Grandans aprè pasaj tranbleman tè 14 dawout la.

Selon responsab yo nan fondasyon « Digicel », ki gen kòm domèn entèvansyon yo kise edikasyon anonse yo pral envesti yon milyon dola ameriken pou ede rekanpe lekòl yo ki kanpe nan Gran Sid la, ki viktim nan goudou goudou a. Toujou daprè kominike a, fondasyon « Digicel » pral devwale kritè pou yon lekòl nan Gran Sid la kapab reprann aktivite li yo.

Responsab yo fè konnen gen 35 sou 186 lekòl fondasyon « Digicel » konstwi twouve yo nan Gran Sid pa sibi okenn gwo domaj, selon rapò ankèt ekip enjenyè fondasyon « Digicel » yo.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …