FOUTBÒL/MÈKATO: CRISTIANO RONALDO NAN MAN CITY ? FANATIK MAN UNITED YO AP WÈ SA TANKOU YON ZAK TRAYIZON.

Nan lane 2019, Cristiano Ronaldo te pwomèt li pap janm siyen nan Manchester City, klèb rival Manchester United. Alòske, depi anviwon 72è laprès espòtif nan peyi Itali ap pale sou posib transfè Cristiano Ronaldo nan ekip Sitizen nan.

Atakan Pòtigè a vle fè yon kraze kite sa ak Juventus pou li ka al kontinye karyè li anba lòd Pep Guardiola. Antrenè Juventus la, Massimiliano Allegri konfime nouvèl la maten an kòmkwa Ronaldo di li li vle di kite Juventus Turin touswuit. E evantyèl detisnasyon pou ansyen atakan Real Madrid la se Manchester City.

Sipòte Man United yo, yo menm, detere deklarasyon Cristiano Ronaldo te fè nan lane 2019. »Siyen nan City ? Jamè. Yo gen bon jwè, men sa pa entèrese m. Ou panse lajan ka fè m chanje lide kounya osnon nan 30 lane ankò? Mwen pa panse sa. Lajan se pa yon pwoblèm. Si se sa mwen t ap chache mwen ta pral jwe nan peyi Katar ki gen plis kòb pase City. Se pasyon, se pa lajan », deklare Cristiano Ronaldo nan lane 2019.

Daprè sipotè yo, si Cristiano Ronaldo ale nan Man City, klèb rival la, se ap yon zak trayizon. E ansyen patnè elye pòtigè a, Wayne Rooney rete kwè Cristiano Ronaldo pap janm fè yon bagay konsa, sa vle di jwe pou City.

Annatandan, Cristiano Ronaldo, daprè anpil medya italyen te nan sant antredman Juventus Turin maten pou li te fè diskou adye ak koyekipye l yo. Chak minit ki pase ap repwoche Cristiano Ronaldo nan City davantaj.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …