LEMOND/ ESPÒ : YON BASKETÈ NAN BASKÈT NÒ AMERIKEN AN DEPOZE YON PLENT KONT ANSYEN AJAN LI POU PEYEL 58 MILYON DOLA AMERIKEN

Basketè ekip « New-York Knicks », Nerlens Noël, depoze yon plent kont ansyen ajan Rich Paul ak tout ajans li « Klutch Sports », pou reklame 58 milyon dola li pèdi nan salè potansyèl li, daprè sa jounalis Brian Windhorst d’ ESPN, rapòte.

Basketè ameriken an, ki gen orijin ayisyen Nerlens Noël, pran desizyon sa aprè ansyen ajans li « Klutch » depoze yon plent nan  » de la National Basketball Players Assocition » (NBA), ta fè kwè Nerlens Noël pa peye 200 mil dola komisyon sou kontra avan li a ak « Knicks », selon deklarasyon plizyè sous ESPN.

Nou ap siyale, ajan Rich Paul ak tout ajans « Klutch Sports » te reprezante basketè Nerlens Noël depi 2017 pou rive lane 2020.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …