KISA MARJORY MICHEL AP REPONN NAN KOZE RONY TIMOTHÉE ?

Depi plis pase 2 semèn, anpil dwèt ap lonje sou sektè demokratik ak popilè(SDP) a kòmkwa sektè sa ki nan opozisyon an gen kèk moun ladann k ap mennen kèk pratik anba tab.

Dout la ranfòse nan mitan popilasyon an apre lè Rony Timothée, yon manm enfliyan nan SDP a pran distans li ak ansyen alye li yo lendi 30 dawout 2021 an.

Sa pa rete la. Responsab pati politik Viv Ayiti a, Rony Timothée, rive menm denonse kèk moun nan sektè demokratik e popilè a ki, daprè sa li di, te konn resevwa lajan nan men Jovenel Moïse. Alòske sektè demokratik ak popilè a fè pati opozisyon radikal ki toujou ap denonse deriv ak zak koripsyon pouvwa PHTK a ap fè nan tèt peyi a.

Sektè demokratik ak popilè a pa te janm dakò, daprè sa ki te toujou di nan laprès, rankontre ak Jovenel Moïse  poutan, selon Rony Timothée Jovenel Moïse te konn bay kèk nan moun sa yo lajan. Gen anpil dout nan mitan mesyedam SPD yo. Si se vre, sa ka fè anpil moun kwè se pa te janm batay pou chanje kondisyon lavi sila ki pi mal yo ki tap fèt, men se te yon batay pou plen pòch. Podjab Ayiti !

Marjory Michel, youn nan menm sektè demokratik ak popilè a, ki toujou reyaji avèk anpil emosyon chak fwa gen dwèt ki lonje sou sektè li a jiskaprezan poko reyaji sou deklarasyon Rony Timothée a ki mete sektè demokratik ak popilè a toutouni nan je pèp ayisyen an. Nan sans sa, anpil moun tap renmen konnen kisa Marjory Michel ap reponn sou deklarasyon resan Rony Timothée a ki gen pou wè ak sektè demokratik e popilè a ?

Kredi foto:R.N

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …