US OPEN: NAOMI OSAKA RANN OMAJ AK PAPA LI NAN TENIS LI TE METE POU PREMYE TOU US OPEN NAN.

_Ayisyano-Japonèz la, Naomi Osaka, nan yon match li t ap jwe lendi 30 dawout 2021 nan aswè kont Marie Bouzkova nan premye tou US OPEN rann omaj ak papa li e Ayiti nan tenis ki te nan pye l la._

Naomi Osaka kontinye ap vann imaj Ayiti e fanmi li nan tounwa tenis yo. Yèswa, chanpyon US OPEN an tit la, Naomi Osaka te mete yon pè tenis ki te gen drapo Ayiti a ak non papa li ladan yo.

Gen youn nan tenis yo ki ekri Léonard ki se non papa li epi drapo Ayiti a plake sou tenis la tou.

Sepandan, nan lòt pye a ki gen lòt grenn tenis la, li gen drapo Japon ladann ak « NY ».

Naomi Osaka te afekte anpil apre pasaj tranbleman tè devastatè 14 dawout la ki te frape Gran Sid peyi.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …