AYITI/ASASINA: YON PLENT DEPOZE NAN PAKÈ PÒTOPRENS KONT PREMYE MINIS ARIEL HENRY AK LÉON CHARLES KI TA KONPLIS NAN ASASINAY JOVENEL MOÏSE LA.

Sou inisyativ òganizasyon sosyo politik Viv Ayiti, yon plent depoze jounen madi 31 dawout 2021 an, kont premye minis ayisyen doktè Ariel Henry ak direktè jeneral pou ti bout tan Lapolis la Léon Charles, kòm moun ki konplis nan asasina ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse nan lannwit 6 pou louvri 7 jiyè 2021 an.

Pòt pawòl òganizasyon sosyo politik Viv Ayiti a, Rony Thimoté, ki fè konnen yo pran desizyon pou pote plent kont premye minis Ariel Henry ak direktè jeneral Lapolis la Léon Charles parapò ak yon rapò òganizasyon dwa moun RNDDH mete deyò, ki lèse kwè nan moman ansyen prezidan te nan difikilte li te pale ak direktè polis la pou te potel sekou epi premye minis Ariel Henry ki te pale ak youn nan prezime asasen yo ki se Joseph Badio Félix.

Rony Thimoté, ki mande ak premye minis ayisyen Ariel Henry ak Tout direktè jeneral Polis la Léon Charles pou remèt demisyon yo yon fason pou kapab pèmèt lajistis kapab fè limyè sou asasina Jovenel Moïse la.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …