AYITI/ SEKIRITE: 3 MOUN MOURI, 2 MOUN BLESE AK 51 LÒT ARETE BILAN LAPOLIS NAN DEPATMAN NIP POU MWA DAWOUT LA .

Lapolis nan depatman Nip Prezante jounen madi 31 dawout 2021 an, bilan operasyon yo mennen sou 11 komin depatman an sòti premye pou rive 30 dawout la.

Nan yon konferans pou laprès, pòt pawòl polis Nip lan Wisnel Decembre, fè konnen Lapolis anrejistre 6 ka aksidan sikilasyon ladan yo 3 moun mouri epi 2 lòt sòti blese, aksidan sa yo ki fèt nan komin Miragwàn, Fondenèg ak Komin Plezans. Pilwen, pòt pawòl Polis Nip lan, ki fè konnen Lapolis anrejistre 51 ka ladan yo 16 manda egzekite ak 35 ka flagrans.

Polisye Wisnel Decembre, ki prezante bay laprès Milor Jackson, alyas « Grenn ase » ki te mete dife sou 5 moun nan lokalite Savann Lwès ki nan premye seksyon Chalon, komin Miragwàn.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …