AYITI/ KIDNAPIN: YON DIREKTÈ DEPATMANTAL KIDNAPE NAN MATISAN.

Nèg ak gwa zam kidnape maten mèkredi premye (1) Septanb 2021 an, direktè depatmantal ministè travo piblik ak kominikasyon (MTPTC) Sidès, enjenyè Gilbert Bazile.

Selon enfòmasyon yo, direkte depatmantal MTPTC Sidès la, enjenyè Gilbert Bazile kidnape ak tout chofè li Ernst Mentor Josué Emmanuel, nan moman yo tap kite kapital la Pòtoprens pou ale nan depatman Sidès.

Nou ap siyale, malgre plizyè gwo chèf gang te anonse yo fè yon kanpe nan zak kidnapin lan sa pa anpeche plizyè moun kontinye ap viktim anba men nèg ak zam ki se sèl kòk chante.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …