LEMOND/ KONFLI : ONU WÈ GWO MALÈ PANDYE SOU PEYI AFGANISTAN.

Nan yon kominike òganizasyon Nasyon Zini (ONU), mete deyò madi 31 dawout 2021 an, sou sitiyasyon kI ap devlope nan peyi Afganistan ant gwoup Taliban yo ki pou ak sa ki kont yo.

Chèf Òganizasyon Nasyon Zini an, Antonio Guterres, montre gwo kè kase li genyen akoz katastwòf imanitè ki pandye sou tèt afgan yo depi batay pou pouvwa deklanche nan plizyè pwovens ak kapital peyi a Kaboul.

 » katastwòf imanitè pandye sou tèt peyi Afganistan », selon anons Antonio Guterres nan yon kominike. Sekretè jeneral (ONU) an ki rele sekou pou afgan yo akoz gwo dram katastwòf imanitè ki pandye sou peyi Afganistan,  » sitiaysyon kapab pi grav toujou si pa gen anyen ki fèt nan kriz imanitè ak ekonomik sa kI ap vanse ak gwo pa sou peyi afgan yo » e  » lamanjay, swen sante ak lòt sèvis ki gen pou wè ak dwa moun yo kapab disparèt », toujou daprè kominike ONU an.

Sekretè jeneral ONU an, Antonio Guterres, mande ak Leta Manm ONU yo pou pote èd bay popilasyon afgàn lan ki nan anpil bezwen depi aprè deklanchman konfli pou pouvwa.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …