AYITI/ENSEKIRITE: NAN KOMIN KWADÈBOUKÈ BANDI SE SÈL KÒK CHANTE.

Repite alafwa kòm yon zòn trankil, komin Kwadèboukè tounen yon komin kote kout zam pa sispann chante ladann dènye jou sa yo. Lè se pa bandi ki ap twoke kòn yo ak Lapolis se bandi ki ap twoke kòn youn ak lòt E sityasyon an vin pi malouk ant gang ak gang depi apre lanmò chèf gang ki rele » depòte ».

Depi plizyè jou, gen de (2) gwoup gang ki ap frape youn lòt : 400 mawozo ak gwoup baz ki te gen nan tèt li Carl Henry Poyau ki gen ti non ki rele « depotè ». Selon dènye enfòmasyon yo, 400 mawozo ta sanble fè chèf depòte fè vwèl pou peyi san chapo.

Sityasyon sa lakoz, depi lendi, kout zam pa sispann chante nan komin Kwadeboukè. E jounen jodi a, nan zòn mache Dagou prèske tout aktivite paralize nan moman atik la ap ekri a. Ranplasman baz depòte a ap twoke kòn yo ak baz 400 mawozo ki gen nan tèt yo lanmò san jou.

Gen anpil moun ki gen gwo laperèz parapò ak sityasyon sa ki ap devlope a. E daprè anpil moun, si Lapolis pa fè yon entèvansyon pi rapid posib pita ka pi tris pou komin Kwadeboukè.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …