FOUTBÒL-LIGA: GEN YON NOUVO NIMEWO 10 NAN FC BARCELONE APRE DEPA MESSI.

Klèb Katalan an pa pran tan pou bay yon lòt jwè nimewo 10 Lionel Messi pase plizyè lane ap pote a. Jounen mèkredi 1 septanm nan, foutbòl klèb Barcelone fè konnen se Ansu Fati ki ap gen pou pote nimewo 10 Messi kite a.

Barcelone gen yon nouvo nimewo 10. E se jenn espwa foutbòl espanyòl la, Ansu Fati ki gen privilèj pran nimewo 10 Lionel a.

Apèn li ap rekipere li apre l te sot blese, Ansu Fati, 18 lane, pral gen lonè rantre nan liy jwè ki gen chans pote nimewo 10 mitik klèb Katalan an.

Pami jwè ki te pote nimewo 10 nan Barcelone, te gen Rivaldo, Ronaldinho e dènye a Messi. Tout jwè sa yo, endistenkteman yo make listwa foutbòl la e ranpòte Balon Dò.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …