AYITI/ KIDNAPIN: DIREKTÈ DEPATMANTAL MTPTC SIDÈS LA AK TOUT CHOFÈ LI JWENN LIBERASYON LI.

Direktè depatmantal Sidès ministè travo piblik ak kominikasyon an, Gilbert Bazile kite kidnape ak tout chofè li Ernst Mentor Josué Emmanuel premye (1) septanb 2021 an, jwenn liberasyon yo nan lannwit  jedi pou louvri jounen vandredi 3 Septanb 2021 an.

Selon jounalis, Rene Voltaire ki nan depatman Sidès, fè nou konnen. Daprè sa jounalis la esplike direktè depatmantal (MTPTC) Sidès la Gilbert Bazile ak tout chofè li Ernst Mentor Josué Emmanuel jwenn liberasyon li, selon konfimasyon tout gwo otorite nan depatman Sidès, men ki pa pale si se pou lajan yo libere 2 moun yo.

Jounalis René Voltaire di selon enfòmasyon li genyen ki sòti nan men pwòch fanmi yo direktè Gilbert Bazile ak tout chofè li ta dwe rantre lakay li nan Jakmèl demen maten samdi 4 Septanb lan.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …