AYITI POLITIK : JISKAPREZAN PALÈ NASYONAL RETE SAN PREZIDAN.

Plis pase 50 jou depi bandi ak gwo zam fann fwa ki soti nan lòt peyi tankou kolonbi an konplisite ak kèk Ayisyen ki gen nasyonlite Ayisyen te fin touye prezidan Jovenel Moïse nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021 an nan rezidans prive prezidan nan lokalite pèleren 5 ki chita kòl nan komin petyonvil, jiskaprezan fòtèy prezidansyèl la rete vid poko gen moun ki ka ranplase li.

Malgre chak Bondye mete nèg ak fanm isit ki di yo ap fè politik chita nan siyen akò nan tout otèl AK plas piblik, yo poko janm ka jwenn yon akò ki bon antre yo pou yo ranplase mesye zo pwason an nan tèt peyi a.

Alòske, lè ansyen lokatè palè nasyonal la pa te  ko mouri chakjou nèg ak fanm nan lari pou mande ansyen chèf leta a kite palè a prese prese, yo 7 tou palè nasyonal, yo bat tenèb pou yo wè si li ta ale se nad marinad li rete pou pirèd.

Nap raplew 7 fevriye 2021, sektè demokritik ak popilè a ki te jwenn sipò plizyè pati politik tankou Ayiti An Aksyon (AAA), Òganizasyon Pèp Kap Lite (OPL), FUSION poum site sa yo sèlman te deziye Mèt Mécène Jean Louis kòm prezidan pwovizwa jiskaprezan pan nap pale la mèt la poko ka pran envestiti pou rantre nan palè nasyonal.

Poutan, Mesye Joseph Lambert ki se prezidan ti rès senatè di li sèl moun ki kalifye pou pran tèt peyi a, yon deklarasyon ki leve plim sou do Fanmi lavalas ki sèmante 7 fwa 77 fwa 7 fwa yo pa nan Joseph Lambert.

Ronald Exavier.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …