ELIMINATWA KOUP DIMONN 2022: BREZIL AP RESEVWA EKIP AJANTIN NAN.

_Brezil kont ekip Ajantin nan, yon klasik nan foutbòl sid ameriken an. Nan kad 6e jounen eliminatwa koup dimonn zòn amerik di sid, Brezil ap gen pou twoke kòn li kont ekip Ajantin nan jounen dimanch 5 septanm 2021 an._

Eliminatwa mondyal Kata 2022 a nan zòn Sid ameriken an pou sa ki gen pou wè ak sizyèm jounen an ap bay yon afich chok ; yon match anpil fanatik foutbòl sou latè ap tann ; yon rimiks dènye final Kopa Amerika 2021 an, sa vle di yon Brezil kont ekip Ajantin nan.

Dènye fwa de ekip sa yo te kwaze se te nan mwa jiyè 2021, e se Ajantin ki te chanpyon sou Brezil (1-0) nan final Kopa Amerika.

Brezil kont ekip Ajantin nan, match la ap gen pou jwe nan vil Sao Paolo se pral okazyon pou koyekipye Neymar yo pran pran revanch yo. Depi nan lane 1914, 2 ekip sa yo rankontre pandan 103 fwa.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …