AYITI/ ENSEKIRITE : BANDI AK ZAM TOUYE YON PÈ LEGLIZ KATOLIK NAN DEPATMAN NÒ.

Bandi ki tap sikile sou moto nan vil Okap, touye nan aprè midi lendi sis (6) Septanb 2021 an, kire pawas « Robillard », pè André Sylveste ki nan Komin Okap, nan moman li t ap sot fè yon tranzaksyon nan yon bank komèsyal nan Vil Okap.

Selon esplikasyon yon manm achidyosèz Okap la, pè Deleste Exalus, fè konnen zak la pase nan Ri 11 A, nan Vil Okap nan lè 3 zè (3h) aprè midi lendi sis (6) Septanb 2021 an. Pilwen, pè Deleste Exalus, ki presize selon konsta jij de pè a, pè André Sylveste resevwa kat (4) katouch.

Pè Deleste Exalus, fè konnen pè André Sylveste te gen 70 lane, li te òdone nan lane 1982 epi li te dirije plizyè pawas nan peyi a.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …