OPOZISYON NAN PEYI DAYITI SE YON BONM ATOMIK

Nan prèske tout peyi sou latè, toujou genyon opozisyon ki an fas gouvènman yo. Opozisyon sa yo la pou ede pèp yo kap viv nan peyi a pou jwenn bon jan kondisyon pou yo viv, defann yo nan kèk desizyon ke gouvènman yo pran, fè fòmasyon pou pèp la, fòse otorite yo travay plis poun site kèk nan misyon yo ki poutan diferan nan peyi Dayiti.

Nan peyi Dayiti, opozisyon se yon djòb, yon biznis, yon kote tout enmi reyini pou kraze peyi a nan itilize non pèp la. Nan peyi Dayiti se sèl kote opozisyon nan opozisyon ak opozisyon lè genyon desizyon ki dwe pran pou pèp la poutan se li yo di yap defann, opozisyon bò lakay se toujou an fas prezidan yo ye paske se dè pòs sa pi fò ladan yo ap goumen se pou sa genyon sèl mo nan bouch yo tranzisyon paske se la yo bwase pi byen, se la yo chak jwenn yon pòs pou ratibwaz san kè sote, se la yo jere bòs yo nan sektè prive oubyen nan peyi etranje.

Ayiti se sèl kote pèp la nan grangou, yap viv nan fatra, pa gen lopital, pa gen kouran, pa genyon bon lekòl, pwodui premye nesesite yo ap moute, ensekirite menm se pa pale, sa pa enterese opozisyon an, okontrè yo kontribiye nan tout pwoblèm sa yo nan tèt kole ak swadizan sektè prive, sektè ki di yap defan dwa moun yo ak yon pati nan laprès jis pou moutre prezidan an pa bon li dwe ale. Nan peyi Dayiti opozisyon pa goumen pou lòt bagay ke voye prezidan ale apre al goumen ak tèt yo, egzanp lan byen klè yo fè kat lane ap rele Aba ansyen prezidan Jovenel Moïse jiskaske yo asasinen li men yo poko ka ini pou ranplase li epi chanje vi pèp la.

Poutan yo te di Jovenel Moïse se kansè a, se pwoblèm nan, se satan an depi li ale pèp la sove tout bagay ap rezoud, pap gen ensekirite ankò, lavi chè ap kaba tout timoun ap ka ale lekòl pou repete sa anpil nan yo te fè konnen poutan apre de (2) mwa prezidan mouri bagay yo vin pi dejenere, ensekirite kidnapin kontinye ap fè wout li malgre peyi a sot konnen yo gwo tranbleman tè ki depatcha gran sid.

Opozisyon an se yon bonm atomik ki ap ravaje tout kouch nan sosyete a, anyen pa rete legliz kraze, lekòl kraze, tout enstitisyon kraze, men fanmi divize nan yon sèl misyon.

Kilè peyi a ap delivre anba yon gwoup moun ki pran pòz yap defann pèp la poutan pye yo sou kou li?

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

AYITI/KRIZ: NAN MACHE FLANNEN GARRY CONILLE PÈDI WOUT LI.

Pandan sityasyon an depase konplike pou popilasyon an, yo pa ka voye pitit yo lekòl, …