Retounen nan ekip kè li pandan fen mèkato estival la, Cristiano Ronaldo patisipe nan premye seyans antredman kolektif ak ekip Man United la jounen madi 7 septanm 2021 an.
Manchester United ak Juventus Turin te mete yo dakò pandan peryòd mèkato estival la pou retou atakan Pòtigè a nan peyi Angletè.
Cristiano Ronaldo se jwè Man United. Lap gen pou pote nimewo mitik li a ki se 7. Sipèsta Pòtigè a te jwe nan ekip Man United te nan lane 2003 pou rive nan lane 2009.
Jackson junior Rinvil