AYITI/ KONSTITISYON : MANM KOMITE KONSILTATIF LA REMÈT PWOJÈ KONSTIYON AN BAY CHÈF GOUVÈNMAN AN.

Manm komite konsiltatif endepandan ki gen sig nan lang fransè (CCI), remèt jounen mèkredi 8 Septanb lan pwojè nouvo konstitisyon ak premye minis ayisyen an Doktè Ariel Henry.

Nan entèvansyon li, prezidan komite konsiltatif endepan Boniface Alexandre, ki fè pwojè nouvo konstitisyon an ekri sou rekòmandasyon pèp ayisyen menm jan ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse te swete sa. Yon lòt manm komite a, mèt Mona Jean, esplike nouvo pwojè konstitisyon an vle pou gen yon rejim prezidansyèl epi batay kont tout vyolasyon dwa moun ak diktati.

Sou bò pa li, premye minis ayisyen an doktè Ariel Henry, raple avan lanmò ansyen chèf Leta ki te di l :  » se pou pwojè konstitisyon an reflete ak popilasyon an, epi travay pou mete tout moun ladanl ». Chèf primati a, kwè san yo pa ranfòse peyi a ak yon lòt konstitisyon ki pral pran an kont pwoblèm fondamantal sosyete a epi rive mete peyi a sou ray devlopman.

Nou ap siyale, seremoni pou te remèt pwojè konstitisyon an ak premye minis Ariel Henry te fèt nan rezidans prive chèf Primati a nan « Musso », an prezans plizyè gwo chabrak nan gouvènman an.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …