AYITI/ESPO/ZEN: DUCKENS NAZON REYAJI APRE ENTÈVANSYON JEAN JACQUES PIERRE A.

Depi anviwon plizyè semèn, gen bouch louvri nan seleksyon nasyonal la ant plizyè jwè kad ak seleksyonè an, Jean Jacques Pierre. Dimanch ki sot pase a, nan yon layv ki te fèt sou Instagram anpil jwè kad tankou Johnny placide, Duckens Nazon ak anpil lòt ankò te kritike piblikman antrenè seleksyon an, Jean Jacques Pierre. Bò kote pa li, kotch la, jounen lendi a fè konnen se pou prim match jwè yo ap goumen yon pawòl ki leve plim sou do Duckens Nazon.

« San wont ou vin di ke se pou lajan nap goumen pou 3000$, se pou chanjman nou ap goumen e lè ou voye nou goumen pou ti contraw ak seleksyon et nou fèl ou pa te menm dessan avek nou lach ou ye ou vle sali nom nou?, ekri Duckens Nazon sou paj ofisyèl fesbouk li aprè entèvansyon seleksyonè nasyonal la.

Atakan vedèt grenadye yo, pi lwen, fè konnen menm si se pou 3000$ yo ap goumen se 3000$ pa yo, yo fè sakrifis pou li, yo merite l. « W ap minimize bagay la ! Se pa pou mwen m ap fèl se pou chanjman pou peyi a pou pèp la(…) », daprè chouchou pèp ayisyen an, Duckens Nazon.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …