AYITI/ SOSYETE: KONPAYI  » DIGICEL » PASE PLIZYÈ ÈD TAN SAN PAGEN SIYAL LI NAN DIVÈS KOMIN NAN DEPATMAN NIP.

Abòne konpayi  » Digicel » ki nan divès komin nan depatman Nip pase plizyè èd tan depi yo pa janm jwenn siyal pou kapab regle koze yo ak zafè yo jounen lendi 13 Septanb 2021 an.

Kèk nan abòne konpayi telefòn  » Digicel » yo, denonse konpòtman  » Digicel » ki depi kèk tan ap vann move sèvis ak kliyan yo. « malgre sèvis la pa bon yo ap vann ou li chè,  » Digicel  » se dechèpiye lap dechèpiye moun nan peyi a », deklarasyon yon kliyan  » Digicel ».

Pilwen, lòt sitwayen sa denonse le fèt ke sèvis la pa bon epi pa menm aprè yo pap eskizew sou move sèvis yo ap bay nan peyi a.

Nap raple, se pa pou premye fwa konpayi  » Digicel » ap rann kliyan li yo move sèvis daprè sa kèk obsevatè epi kliyan li esplike .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …