Conflict.

AYITI/ POLITIK : PATI POLITIK AAA BAY REZON KI KOZ YO PA SIYEN AKÒ AK PM ARIEL HENRY.

Pati politik Ayiti An Aksyon (AAA), pa siyen akò antant pati politik yo ak premye minis Ariel Henry ki siyen samdi 11 Septanb 2021 an.

Kòdonatè pati politik ( AAA), ansyen senatè Youry Latortue, esplike rezon ki lakoz AAA pa siyen akò antant pati politik yo ak premye minis lan. Ansyen palmantè a fè konnen pati politik Ayiti An Aksyon (AAA), pa siyen akò a se paske chèf primati a pat dakò sou yon pwopozisyon pou rezoud ensekirite ak fòmasyon yon antite anti teworis nan lapolis la pou frennen zak bandi yo epi yon chita pale pou te rive mete tout moun nan akò antant sa a.

Nou ap raple, jounen samdi 11 Septanb 2021 an, plizyè pati politik siyen akò antant ak premye minis Ariel Henry sou kriz ki ap brase bil peyi a. Tout moun te ka konstate kèk moun nan opozisyon an ki pat janm dakò ak defen Jovenel Moïse men ki dakò ak Ariel

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …