_Klèb kapital peyi Lafrans la ap demare sezon Ewopeyen li madi 14 sektanm 2021 kont ekip Brij la nan peyi Bèljik. E daprè anpil medya fransè, pami yo jounal l’équipe, gen posibilite pou antrenè PSG a, Pochetino, aliyen triyo Messi, Neymar e Mbappé a nan match sa._
Depi vini Messi nan ekip la, se premye fwa li ka kòmanse yon match bò kote Neymar ak Mbappé. Yon triyo ki gen anpil atant ak responsabilite.
Neymar, Messi e Mbappé, yon triyo ofansfif ki ka fè mal ak anpil ekip advès. Dotan plis, se yon tridan anpil sipòtè fransè PSG reve.
Kotch Ajanten ekip PSG, wè nan triyo Messi, Neymar e Mbappé prèske menm triyo Luis Enrique te gen nan ekip Katalan an kote te gen MSN nan avèk Messi, Neymar e Suarez. Nan ekip PSG a, se Mbappé ki ap jwe plas Suarez la.