AYITI POLITIK: MÈT ANDRE MICHEL VIREDO BAY MÈT MECÈNE JEAN LOUIS.

Lang deyò,debwa ouvè, souri sou lèv kè kontan se konsa mèt André Michel pòt pawòl sektè demokratik ak popilè a (SDP) tap siyen akò premye minis defakto Ariel Henry a jou ki te samdi 11 septanb 2021 an nan rezidans ofisyèl PM lan dèlma 60 nan lokalite miso.

Nap raplew, 7 fevriye 2021 mèt André Michel ak tout ekip SDP a ki te jwenn sipò kèk manm nan opozisyon an te deziye mèt Mecène Jean-Louis kòm prezidan pwovizwa poutan, se menm mèt André Michel sa jodi a kap niche pwent kreyon li pou siyen akò avèk PM Ariel Henry pou sèl li menm dirije pouvwa egzekitif la san prezidan.

Nap souliye, avoka militan an te kont Ariel Henry nan moman ansyen prezidan Jovenel Moïse te nonmen li kòm premye minis.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …