LEMOND/ INONDASYON : POU PI PITI 80 MOUN MOURI NAN PEYI SOUDAN

Gwo lapli ki tonbe sou peyi Soudan, mete peyi a an dèy pou pi piti 80 moun mouri nan inondasyon aprè gwo lapli ki tonbe depi koumansman wikenn lan sou peyi Soudan.

 » 84 moun mouri ak 67 lòt blese nan 11 Eta nan peyi Soudan depi koumansman sezon lapli a », daprè deklarasyon pòt pawòl konsèy nasyonal defans sivil Soudan, Abdel Jalil Abdelreheem, ki esplike moun sa yo mouri nwaye epi nan kouran paske gen pou pi piti 8 400 kay kraze ak 27 200 lòt andomaje nan tout peyi Soudan.

Nap fè remake, chak ane depi sòti mwa Jen pou rive mwa Oktòb gwo lapli toujou tonbe sou peyi a toujou lakoz otorite yo dekrete eta ijans pou kapab fè fas ak dega li toujou fè yo.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …