DOSYE JOVENEL MOÏSE: KOMISÈ GOUVÈNMAN PÒTOPRENS LAN MANDE POU ARIEL HENRY PA KITE PEYI A

_Komisè gouvènman Pòtoprens la, mèt Bed-Ford Claude, mande direktè imigrasyon ak emigrasyon an, mesye Joseph Cianciulli, pou pase tout enstriksyon pou premye minis ayisyen an, Ariel Henry pa kite teritwa ayisyen an pou prezonpsyon asasina Jovenel Moïse li gen sou do l._

« Komisè gouvènman tribinal premye enstans Pòtoprens la mande pou pase tout enstriksyon nesesè nan sèvis konsène yo pou Ariel Henry, kit se pa vwa terès, aeryen ou maritin pa kite teritwa ayisyen an akoz prezonpsyon asasina sou prezidan repiblik Jovenel Moïse li gen sou do », ekri nan nòt Bed-Ford Claude, komisè gouvènman Pòtoprens la adrese ak direktè imigrasyon ak emigrasyon an Joseph Cianciulli.

Nap raple, komisè gouvènman Pòtoprens la, mèt Bed-Ford Claude envite premye minis Ariel Henry nan pakè Pòtoprens pou vin reponn sou koze apèl telefonik li te pase ak youn nan prezime asasen nan lanmò Jovenel Moïse la jou krim nan te fèt la.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …