AYITI/ ANIVÈSÈ: YON GWO CHÈF NAN ECHO JOUNAL AP FETE.

Yon gwo chèf nan medya anliy Echo Jounal, ap fete anivèsè li jounen mèkredi 15 Septanb 2021 an, selon sa sal redaksyon Echo Jounal aprann.

Prezidan direktè jeneral ( PDG) medya anliy Echo Jounal, Emmanuel Hubert, ap selebre jounen mèkredi 15 Septanb 2021 an anivèsè nesans li. Selon kèk temwanyaj plizyè anplwaye enstisyon an prezante PDG Emmanuel Hubert kòm youn nan bon patwon ki egziste nan peyi a pou fason li trete anplwayel ak tout respè.

 » monchè PDG Hubert, toujou renmen ankouraje moun, li gen anpil transparans lakay li, sajès ki devlope lakay PDG se yon bagay tèt chaje »,  daprè deklarasyon youn nan redaktè Echo Jounal yo, Jackson Junior Rinvil.

Plizyè lòt anplwaye enstisyon an fè plizyè temwanyaj toujou, pou yo PDG Emmanuel Hubert se:

Excellent Homme
Merci pour vos service
Malgre tout
Ami de tous
Nous vous disons merci
Unir pour le succès collectif
Etoile de l’ avenir
Leader serieux

Heros d’Haïti
Unique en votre genre
Bonté, Humilité, Humour
Experimenté Homme
Réaliste, Rivalité, Rigueur
Travailleur,Tendresse,Temperance.

Tout bagay sa yo se pou swete yon bòn fèt ak PDG nou Emmanuel Hubert. Kote tout sal redaksyon Echo jounal, administrasyon ak direksyon jeneral la wete chapol pou swete yon bòn fèt ak PDG Emmanuel Hubert epi mandel poul rete jan li ye a.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …