AYITI/ASASINA: KONPAYI  » DIGICEL » PAKA DI KISA YON KLIYANL DISKITE NAN APÈL NI « SMS ».

Nan yon nòt pou laprès konpayi  » Digicel » mete deyò ki pote non  » Nòt Presizyon », esplike tout mwayen ak sa konpayi a pa gen nan kontak telefòn,  » SMS » kliyan li yo.

Nan nòt presizyon sa a, konpayi « Digicel », fè konnen li pa gen aksè a okenn konvèzasyon kliyan, ke seswa apèl, SMS, BIP, Whatsapp, Signal, Telegram elatriye. Men, konpayi kapab wè ki nimewo ki rele, a kilè apèl la fèt epi ki kote moun yo ye.

Nan menm nòt sa konpayi « Digicel » fè sansibilite ak komantè pou l di : » men li pa posib pou konpayi an tande kisa moun yo ap di nan apèl la. Teknikman li pa posib », sa nou li nan mitan nòt presizyon konpayi  » Digicel » la.

Pou fini, konpayi a raple se la lwa ki fèl obligasyon poul kolabore ak lajistis Digicel toujou rete nan liy la lwa trase, e yo founi tout enfòmasyon lajistis te mande yo. Konpayi  » Digicel », raple se yon konpayi prive li ye, li ap asire popilasyon an jeneral ke li ap toujou kolabore ak lajistis jan lalwa prevwa sa fèt la.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …