« JOVENEL MOÏSE TE GEN GWO DISKISYON AK MICHEL JOSEPH MARTELLY AVAN LI TE ASASINEN », RAPÒTE JOUNAL AMERIKEN NEW YORK TIMES

Revelasyon chòk sou dosye asasina Jovenel Moïse la. Daprè jounal ameriken an, New York Times, avan Jovenel Moïse te asasinen li te gen gwo diskisyon ak ansyen chèf Leta peyi a, Michel Joseph Martelly_ .

Jounal ameriken an rapòte Jovenel Moïse tap resevwa gwo presyon nan men Michel Joseph alafwa pou te chanje gouvènman an epi nonmen Ariel Henry premye minis peyi Dayiti.

Lidè PHTK a, Michel Joseph Martelly, daprè revelasyon New York Times, te move koukong paske Jovenel Moïse pa te vle sipòte li nan pwochen eleksyon yo.

Nap raple, se Michel Joseph Martelly ki te prezante pèp ayisyen an Jovenel Moïse epi se li ki te mande pèp ayisyen an pou vote ansyen patwon agritans lan.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …