KOLEKTIF DEFANSÈ PLIS PREZANTE YON RAPÒ SOU VILNERABILITE ENFRASTRIKTI POLISYE YO FAS AK FENOMÈM ENSEKIRITE A.

Kolektif defansè plis, òganis kap defann dwa moun, nan yon konferans pou laprès prezante yon rapò sou enfrastrikti polisyè yo fas ak fenomèm gang nan ki makònnen ak fenomèm ensekirite a ki pa sispann taye banda nan sosyete a._

« Nan istorisite polis nasyonal Dayiti a ki te kreye nan lane 1995 apre palman ayisyen an te adopte lwa 29 novanm 1994 la e prezidan Jean Bertrand Aristide te rann ofisyèl 23 desanm 1994, lwa sa kreye polis la kote li di kijan pou li òganize ak kòman pou li fonksyone », raple madam Chaïna Étienne responsab pwogram nan ki, pi lwen, esplike « lide a se te kreye yon kò pwofesyonèl polis sivil ki pou te pwoteje vi epi byen sitwayen yo ».

Yon lòt kote, kolektif defansè plis nan vwa madam Étienne, fè konnen malgre peyi Etazini founi Ayiti materyèl pou ekipe polis la pami yo bal, men malgre sipò peyi blan meriken an PNH la toujou an karans nan rezous imèn ak bal. »

Anpil katye kote ki gen gang kap opere, yo bay enpresyon yo pi byen ekipe pase polisye yo sa ki lakoz polisye yo pa gen mwayen pou frennen gang yo », pawòl madam Étienne.

Òganis kap defann dwa moun nan fè konnen polisye yo konnen tout kalite pwoblèm nan sans yo asasinen yo lè yo vle, yo kidnape yo lè yo vle tankou tout senp sitwayen.  » Espas travay yo gang yo antre ladann pou yo fè dezòd lè yo vle, e dèfwa lè polisye yo an danje yo pa jwenn ranfò », esplike Chaïna Étienne.

Lekenie Jensen Dufort fè konnen dènye ane sa yo gen plis krim ak delekans nan sosyete a sa ki lakoz gen plis dwa moun ki pase anba pye.

« Li grav pou jiskaprezan Lapolis la pa ka repran kontwòl komisarya ak antèn bandi te ataka nan mwa ki sot pase yo », denonse mesye Dufort.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …