AYITI /POLITIK : SEKRETÈ JENERAL KONSÈY MINIS YO RENALD LUBERICE REMÈT DEMISYONL BAY KONSÈY MINIS YO.

Nan yon lèt tou ouvè sekretè Jeneral konsèy minis yo voye bay konsèy minis yo jodi mèkredi 15 septanb 2021 an, li fè yo konnen li remèt demisyon li nan sekretarya konsèy minis yo.

Yon lòt kote Doktè an syans politik la fè konnen li pap ka nan gouvènman avèk Ariel Henry paske li enplike jisko kou nan lanmò ansyen chèf leta a Jovenel Moïse nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021.

Politològ la ale pilwen pou li di depi ansyen komisè gouvènman an mèt Berd-Ford Claude te fin pran desisyon pou li rele mesye Ariel Henry pou vin reponn kesyon lajistis akoz enplikasyonl nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse, Mesye a move tankou kong malgre yo retrase apèl li yo avèk Félix Joseph Badio aprè zak lachte yo fè ansyen patwon agritrans lan.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …