AYITI /ELEKSYON : ELEKSYON PA POSIB NAN PEYI A NAN MOMAN SA.

Pòt pawòl pati politik pati pèp la pa mete dlo nan bouch li jounen mèkredi 25 septanm 2021 an douvan KEP a nan okazyon tiraj osò ki te prevwa fèt la kote li fè konnen eleksyon pa posib nan konjonkti politik sa kote van ensekirite a frape pòt tout moun nan peyi a deklarasyon pòt pawòl pati pèp la Daran Dickenson.

Pilwen politisyen an deklare eleksyon pap posib nan peyi sa san yon konnsansis lajman laj ak tout sektè nan vi nasyonal la, lè nou konsidere ensekirite tout kalite kap wonje tisi sosyal sosyete a, kote non chèf gouvènman an epengle nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse selon rapò DCPJ a sa vle di san yon veritab antant pap gen eleksyon.

Yon lòt kote, pòt pawòl la denonse ansyen minis Mathias pierre ki gen anpil kòb nan men li pou li te fè eleksyon yo poko konn ki kote kòb sa pase poutan li te pwomèt tout pati politik yo lap ba yo mwayen pou yo fè kanpay.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …