AYITI/ JISTIS : STAN TRANSFERE NAN PENITANSYE NASYONAL, D-FI POWÈT REVOLTÈ ANONSE YON MACH POU MANDE LIBERASYON POU ATIS PARÈY LI

Stanley Dronette( Stan), youn nan moun Lapolis Nasyonal Dayiti te arete nan operasyon ki te mennen Dèlma 75 la, transfere nan penitansye nasyonal mèkredi 15 sektanm 2021 an apre anviwon 15 jou li pase nan gadavi.

Nan sousi pou mande liberasyon pou atis parèy li, D-FI Powèt Revòlte anonse, sou kont twitè li, yon mach vandredi 17 sektanm 2021 k ap vini la._

Chantè, Stan te jwenn arestayon li samdi 28 dawout 2021. Apre anviwon 15 jou pase nan gadavi komisarya Dèlma 33, li transfere nan penitansye nasyonal, daprè rapè D-FI Powèt Revòlte.

« Jodi a se fèt Stan. Li ta dwe ap enjoy li ak fanmi li men non, yo transfere li penitansye nasyonal pandan li inosan, jij pa koute li, yo pa repwoche li anyen. Nou pap mande jistis, nou deja konnen Leta sa pa ka ban nou jistis. Nou dwe mobilize fè tout sa nou kapab pou frè a jwenn liberasyon li », twite D-FI.

Entèprèt zetwal yo konn etenn lan, D-FI, anonse yon mach kap fèt vandredi 17 sektanm pou mande libere Stan. » Lè pa gen jistis, lari a se tribinal oprime yo. Ebyen nap pran lari a pou nou mande liberasyon Stan. Randevou vandredi 10 zè nan maten », daprè sa li anonse sou kont twitè li.

Rasanbleman an ap fèt sou plasdèzatis sou channmas, apre pou pran direksyon ministè lajistis ak sekirite piblik.

Gen plizyè demach ki lanse deja pou mande liberasyon Stan epi pami yo yon petisyon. Sepandan, jiskaprezan sa poko bay rezilta anpil fanmi, zanmi ak fanatik Stan swete a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …