AYITI/EDIKASYON : GOUVÈNMAN AN AP FÈ ANPIL MANÈV POU LEKÒL LA RELOUVRI NAN SID

Gouvènman ayisyen an te kenbe pou relouvri lekòl  la 4 oktòb 2021 an  nan Sid peyi a. Se nan sans sa, minis kondisyon fanm ak dwa fanm ki se tou kòdonatris aksyon gouvènemantal nan Sid, madam doktè Sofia Loreus, mete fokis sou travay reyamenajman ak rekonstriksyon lekòl ki te kraze pandan pasaj tranbleman tè 14 dawout 2021 an ki ta dwe resevwa élèv lekòl yo ane sa._

Minis Sofia Loreus ak direktris depatmantal Sid ministè travo piblik la te rankontre tout aktè konsène e reprezantan Leta a nan depatman Sid peyi a tankou delege depatmantal, direktè depatman yo, direktè depatmantal MTPTC yo, edikasyon nasyonal, pwoteksyon sivil, ekonomi ak finans.

Rankont sa fèt nan lide pou gade ki dispozisyon ki pran pou lekòl la louvri, men tou pou gade ki estrateji ki mete sou pye pou fasilite sekirite ak akonpayman timoun yo sou plan sikolojik.

Yon lòt kote, madam Sofia Loreus fè yon vizit pou gade espas kote lekòl ki te kraze yo te ye. Nan kad vizit sa, minis la te gen yon tètatèt ak plizyè direktè lekòl lise kou prive epi te gen anpil anbyans echanj .

« Mwen vini pou mwen gade kijan travay debleman yo ap vanse, konstriksyon anga ak reparasyon lekòl ki te sèvi kòm espas pou viktim tranbleman tè 14 dawout yo pran refijye yo. Tout lekòl sa yo dwe pare pou akeyi timoun yo 4 oktòb 2021, daprè jan gouvènman an vle l la », pawòl doktè Sofia Loreus.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …