AYITI/ MERI:SITIYASYON MACHANN YO NAN PETYON VIL

Divès machann pwovizyon alimantè ap vann nan move kondisyon nan petyon vil.

Yon pil fatra deyè do yo,ti machandiz yo devan,se nan kondisyon sa machan pwovizyon alimantè tankou diri,pwa lwil ap chache lavi nan mache petyon vil.

Si la sante se Yon eleman endispansab nan la vi yon moun,se diferan pou madan Sara yo kap respire tout kalite odè fatra salte, anpil Moun nan popilasyon an se la yo jete tout kalite dechè toksik.Sa ki pi tris la machann sa yo pase jounen yo la,se la yo manje epi fè lot bezwen nesesè yo.

La meri nan petyon vil sanble pa fè okenn dilijans pou asire Yon klima pwop si sèten nan machann sa yo tou fè bezwen tankou pipi nan menm ti espas paske pa gen okenn mezi ki pran pou yo fèl yon kote ki rezève pou sa.

Jan anpil Moun ta di la santé se richès yon moun malad pa ka itil tèt li preske anyen aloske sa gen plizyè tan depi Moun yo nan mache a ap anmagazine tout kalite mikwob kap pwazonnen kò yo.eske la meri nan petyon vil ap ret gade sitiyasyon an konsa pandan travay yo se asire bon jan pwopte nan mitan popilasyon an?

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …